University

Sou Sant ASCA

Sant Etid ASCA pou Antreprenarya se yon enstitisyon fòmasyon pwofesyonèl ki angaje pou devlope kapasite ak vizyon jèn ayisyen yo. Nou

kwè ke edikasyon se kle pou libète ekonomik ak transfòmasyon sosyal. Se poutèt sa nou mete aksan sou kou ki baze sou maketing,

antreprenarya, ak lavant asirans vi pou ede elèv nou yo vin endepandan epi reyalize rèv yo.

Istwa Sant la

ASCA te kreye ak vizyon pou pote chanjman. Li baze sou konesans, pratik, ak eksperyans aktyèl nan mond biznis la. Depi kòmansman li,

ASCA ap grandi gras ak konfyans kominote a, e li kontinye sèvi kòm yon pilòt pou jenerasyon antreprenè ki vle fè diferans.

Yon bagay enteresan sou Sant nou an

ASCA pa sèlman anseye – li transfome. Chak kou fèt ak objektif pou devlope ladrès konkrè. Nou mete aksan sou eksperyans reyèl,

devlopman pèsonèl, ak rezo pwofesyonèl pou asire siksè etidyan yo. Avèk yon ekip pasyone ak devwe, nou bay chak elèv atansyon espesyal pou ede yo reyalize potansyèl yo.

Yon Eksperyans Edikatif Reyèl

Nan ASCA, fomasyon nou yo pa repete fraz san sans. Chak leson fèt ak presizyon pou reponn ak bezwen aktyèl elèv yo. Nou pa sèvi ak

“fraz kopi-kole” – chak pwogram fomasyon nou devlope se yon ekspresyon otantik ki baze sou reyalite lavant, antreprenarya, ak maketing an Ayiti. Se sa ki fè ASCA pa tankou lòt lekòl — nou se premye sant ki mete aksan sou aplikasyon reyèl ak transfòmasyon pèsonèl.

ASCA ede etidyan yo devlope konpetans yo nan zòn biznis, fè pwop biznis pa yo, epi vin lidè nan kominote yo. Ankadreman pwofesyonèl, sesyon pratik, ak eksperyans sou teren pèmèt patisipan yo grandi ak reyalize rèv yo.

Nou ofri kou especialize nan Marketing, Anterprenaya, ak Lavant Asirans.

Si ou ta renmen pran kou asirans nou an, ranpli fòm sa a anba a.